Kòman nou ye la Tifrè?
Sou sije nesesite pou atis la gen yon idantite a, apre Krs-One, m te pran gwoup Wu-tang Clan an kòm yon dezyèm egzanp pou m montre w kisa m vle di. Ti mesye Wu-Tang Clan yo te pran yon desen ki te vin sèvi yo kòm yon logo. Men yon foto logo a.

Desen sa a te vin IKONOGRAFIK gwoup la. Li reprezante lèt “W”, ki kanpe pou de mo ki soti nan lang chinwa: WU 武 / wǔ vle di “konbat”, “batay” oubyen “masyal”,“militè,”. Mo TANG lan 當 / 当 / (ou ka pwononse li “dāng” tou). gen plizyè sans, depann de ki sije moun ki pwononse l la ap pale. Li ka vle di: “kanpe kòm,” “koresponn,” “dwe,” “egal,” “apwopriye,” elatriye.
Yon lòt sans ki konekte ak mo WU-TANG lan se yon gwo mòn ki nan peyi Lachin, nan yon pwovens ki rele HUBEI. Se yon zòn kote anpil nan zansèt chinwa yo te konn pratike fòm Konba Militè ki rele Kung-Fu a.
Kidonk, gwoup jenn atis sa yo te prezante idantite yo kòm yon “EKIP JENN MILITÈ KI PRATIKE KUNG-FU MANTAL. E, se aspè “konba militè” (oubyen militan) sa a ki te vin enpresyonen bonnanj anpil jenn ki tap grandi nan ane 90 yo ki te vin tonbe damou pou group Hip Hop sa. Ekip Wu-Tang Clan a te ase entèlijan pou yo esplwate yon kouran sosyal ki te popilè anpil nan ane yo to fòme group la ki te kouran fim karate yo. Nan epòk sa a, tout jenn ti gason ki tap grandi nan zòn geto nwa yo nan peyi Etazini te gen yon ti foli pou pratike plizye mòd konba militè (Art Martial). Wu_Tang clan te konprann se la pi bèl chans yo te genyen pou yo vin popilè se pwofite glise sou kouran sosyal sa a ki te deja ap flo nan geto a. Chwa sa yo te fè a te vin “tanpe” yon idantite “mediatik” sou non gwoup la ki te vin separe yo avèk tout lֽòt gwoup HipHop ak rapè ki tap evolye nan ane 1990 yo. Se sak fè jouk jounen jodi a, yo gen yon “prezans” ki peze lou nan evolisyon kilti Hip Hop la, menm si yo pa pwodui anpil trak jan yo te konn fè li.
Yon fwa ankò Tifrèm, rezon ki fè m pale anpil sou pwen sa a, se paske m bezwen ou konprann byen pou ou pa wè tèt ou tankou yon atis rapè sèlman ki ap pwodui trak bèl mizik pou amize moun. Gen yon eleman nan tanperaman ou ki ale pi lwen, pi fon nan rasin sa ou ye kòm yon moun akoz don sa ou genyen an. Si ou pran bon mwayen ki nesesè pou ou devlope “don” sa a, nan bon sans, sa ka pote yon bagay ki itil sosyete kote ou ap evolye a. Men pou sa fèt, li nesesè pou ou jwenn IDANTITE APA sa a ki separe ou soti nan mas tout lòt atis yo ki ap evolye nan milye IHPAP la.
==========================================